Pakè Dijital 1.0 (Chans pou w transfòme Biznis ou nan mwens ke 1 mwa)
Pakè Dijital 1.0 (Chans pou w transfòme Biznis ou nan mwens ke 1 mwa)

Pakè Dijital 1.0 (Chans pou w transfòme Biznis ou nan mwens ke 1 mwa)

Regular price
$770.00
Regular price
Sale price
$770.00
Unit price
per 
Availability
Sold out

E si w te gen 1 mwa pou w deside si w ap kontinye louvri Biznis ou an oubyen pou w fèmen l, paske w pa vann an kantite. Pakè Dijital 1.0 se yon solisyon ki disponib pou yon tan limite k ap ede w remete biznis ou sou ray, san w pa oblije lwe lokal si w pat gen lokal, ni pran dèt labank (e si w gentan fè sa, w ap rejwenn libète antravè lavant ak benefis ke w pral fè nan Biznis ou). Ou gen 1 mwa pou w aprann epi aplike enfòmasyon fondamantal pou Biznis ou an.

Pou yon tan ki twè kout, nou konbine 5 lòt Pwogram yon fason pou ba w rezilta rapid nan Biznis ou.

Men sa w ap jwenn nan Pakè Dijital 1.0 

 

#1 Pwogram 5 Fason pou w ogmante valè pwodwi w lan. Pou ede w fè plis benefis, san w pa oblije desann pri w, ni plede ofri diskont ak spesyal maten midi swa. Vann plis, sèvi plis moun, grandi biznis ou, san w pa fè defisi.

W ap aprann :  

  • Kreye òf, pa jis vann pwodwi
  • Reponn ak bezwen/dezi kliyan w yo
  • Rakonte istwa ki dèyè pwodwi w yo
  • Devlope *mindset k ap ede w vann plis

W ap jwenn : 

  • Dokiman pdf
  • Fichye odyo
  • Pwogram Videyo (plis ke 4trè tan videyo ak plis detay)
  • Kaye egzèsis

 

# 2 Defi 30 Jou pou w gen rezilta nan biznis ou. W ap rantre nan yon pwogram tchalenj kote w ap jwenn direksyon pou w poze aksyon stratejik chak jou pandan 30 jou. Entegre yon kominote ki gen moun k ap fè aksyon ak pran angajman menm jan avè w.

W ap benefisye :  

  • Yon pwogram jounalye sou aksyon ou dwe fè
  • Koneksyon ak moun ki fè tchalenj 30 jou deja
  • Aplikasyon spesyal pou telefòn ou

 

# 3 Yon Seri : 30 videyo spesyal sou Branding pou biznis ou. Sòti sou ki koulè pou bay logo w, pase sou ki aplikasyon ou ka itilize pou w byen jere foto w, rive sou kòman pou w fè bèl videyo san w pa oblije achte pil ekipman.

Wap jwenn :

  • Tout enfòmasyon de baz sou kòman pou w kreye yon mak k ap rete nan lespri kliyan ke w vle genyen yo, san w pa oblije pran konsilta k ap fè w peye pou travay ke w ka fè. Se pa videyo w ap jwenn sou Youtube

 

# 4 Prekòmand Platfòm KONESANS pou yon lane. Benefisye de yon gwo rezo enfòmasyon k ap itil ou tout bon, nan ede w fè mesaj sou Biznis ou an rive jwenn moun ke w ap chèche yo.

W ap jwenn sa yo ak anpil lòt k ap vini :

  • Pwogram odyo ABONDANS ak Guersye Beine
  • Liv pdf + odyo REVÈY ak Pierre Stanley Baptiste
  • Temwayaj odyo eksperyans Biznis ak Simone Fièvre, Stephane Prophete, Marie André Armand
  • Videyo ki nan platfòm KONESANS lan k ap montre w etap pou w aprann fè maketing entelijan, vann ak jere finans ou yon lòt jan, epi itilize zouti dijital yo pou w fè plis lavant

 

# 5 Coaching 30 Jou ak Homelus. Trent (30) jou koneksyon spesyal avèk Jonhny Homelus. L ap pataje avè w, eksperyans, enfòmasyon ke l genyen nan biznis ou ye yan. L ap ba w kontak dirèk moun ki nan rezo m, li wè k ap itil ou.

W ap jwenn : 

  • Apèl konferans pa semenn pou kesyon w yo
  • Opòtinite pou w rantre nan yon Mastermind avèk Jonhny Homelus. Opòtinite pou w aprann dirèk de lòt moun. Jonhny Homelus ap gen pou l fèmen aksè ak Mastermind sa a