Pwogram Videyo sou 5 Fason pou w ogmante valè Pwodwi w lan

5 Fason pou w ogmante valè yon pwodwi - Pwogram Videyo

Regular price
$150.00
Regular price
Sale price
$150.00
Unit price
per 
Availability
Sold out

Si w li vesyon odyo oubyen tande odyo dokiman 5 Fason ou ka fè pou w ogmante valè pwodwi w genyen nan Biznis ou, se byen. Pwogram videyo ki dire plis ke 4trè tan sa pral rantre nan plis detay avèk ou sou aksyon ak estrateji k ap ede pou w vann plis san w pa oblije ofri pil spesyal ak diskont maten midi swa, san kontwòl, ki ka fè w fè defisi nan Biznis ou.

Men sa w ap aprann nan Pwogram Videyo sa a : 

  • Konprann ki solisyon ke pwodwi w lan ofri 
  • Ki valè li gen pou kliyan, kisa li ede l benefisye (tan/lajan)
  • Pa pè konpetisyon ak lòt Biznis
  • Idantifye moun ke w vle sèvi yo
  • Aprann idantifye avantaj pwodwi w lan

Ajoute sou sa yo, w ap jwenn : 

  • Egzanp pratik ou ka aplike nan Biznis ou
  • Plan ki senp ke w ka jis kopye 
  • Plis detay sou kòman pou w jwenn kilyan w ap chèche yo

 W ap ka non sèlman tande men tou gade tout enfòmasyon sa yo nenpòt kote ou ye. Sou nenpòt materyèl ki ka jwe son (laptop, telefòn, tablèt). Nou ajoute yon opsyon telechaje, konsa depi w finn telechaje fichye sa a, gade l 24/24, 7/7 nenpòt kote ou pase.

Avantaj Pwogram Videyo sa a : 

  • Tande enfòmasyon an tankou yon videyo mizik 
  • Aprann enfòmansyon k ap itil ou pandan w ap fè lòt aktivite 
  • Ou ka Play/Pause, pran nòt epi avanse 
  • Gade l lajounen, lannwit, nan lè ki bon pou ou

Ofri tèt ou opòtinite pou w vann plis, sèvi plis moun, grandi Biznis ou, san w pa fè defisi.